Mwen nan dømi M wè'm nan yon peyi Kote rayisman pouse Divizyon sèl pran pye
Mwen wè foumi M'wè malfini Mawoka move cheni Manje tout sa'k plante Dife pran nan kan'n pou anyen Ayisyen goumen pou anyen Peyi ap pitit li pran lavi'l nan men
Pye lamitye sispann ponmen Move zèb leve nan tout kwen N'ap pran chimen lanmo San lanmø pa donnen
M'anvi leveeee Rèv sa two lou pou'm pote Anndan'm ap dechireee M'anvi'n leveeeee Pran kon lanbi'n pou'n soufle Rasanbleman n'mandeeee
Yon kavalye Byen abiye Di'm tonnè kote'w te ye Wa'l di yo sa pou mwen
Dènye mesaj Ke m'ap voye Ayiti tè libète nan fratènite
Li di mwen anyen'n pap mache Toutotan n'pa gen tèt kole Se linite ki fè peyi sa a ekziste
Li di mwen fø'n sispann goumen Fø'n leve pou nou wè pi lwen Peyi a ap tan'n pitit li pran lavi'l an men Lè wa leveeee Met drapo blan tout kote Se lapè m'ap mandeeee M'anvi n'leve Pran kø'n lanbi'n pou'n soufle Rasanbleman n'mandeee Lè waaa leveeee Met drapo blan tout kote Se lapè m'ap mandeeee M'anvi'n leveee