[BélO]
Drapo m nan se koulè san n ki te koule pou libète
Koulè po m yo pat vle wè kòmkwa mwen te yon moun dane
[Darline Desca]
Drapo m nan se pat fasil si w wè jodiya l egziste
Se gran paran n ki te kanpe fasalepòk pi gwo lame
[Shishie]
Drapo m nan reprezante chanjman listwa limanite
[Ayiiti]
S on bagay dròl ou ka wè l senp poutan lèkstrèman konplike
[Fatima Altieri]
Drapo m nan se li raple Lamerik ak le mond antye
Ayisyen yo pat aksepte pou moun esklav okenn kote
[Ge. Ral. Do]
Drapo m nan soti de pi bèl istwa ki janm egziste
Istwa zansèt nou yo k te sakrifye yo pou n ka libere
[Shishie]
Se pa yon fab, se p on roman non plis, se pa yon kont de fè
[Fatima Altieri]
Se premye fwa sa te rive se mond lan ki ta pral chanje
Drapo m se tankou cheve mwen
Mèt ba l koulè mwen vle vrè koulè l pap chanje
Vrè koulè l pap chanje
Ble e rouj la, se fyète mwen
Mèt fè sa w vle l ap rete kole anba po mwen
[Mandela]
Drapo a pap ka konprann ke jodiya nou divize
[Wanito]
Deviz nou l union fait la force, men malgre sa n gen prejije
[BIC Tizon Dife]
Plizyè tribi ini fòs yo pou libere tout yon ras
Poutan, nou menm kòm desandan, nou separe tèt nou an klas
[Jean Jean Roosevelt]
Drapo sa ta dwe chanje si se eta sa n ap rete
[J. Perry]
Li pa gen sans pou nou ankò tèlman nou wè ke n pa sanble
[Mikaben]
Drapo m nan, li lè li tan pou reprann plas ou te genyen
Menm jan l te ye nan tan lontan, pou Dahome ak nèg Ginen
[Misty Jean]
Drapo m nan tankou solèy yo panse k pa tap janm briye
Li raple ke mond jodiya se Vertières li te kòmanse
[Medjy]
Drapo m nan, pa enkyete w, menm si w ta we dèfwa w blaze
Yon jou kanmenm fòk yo kanpe pou ba w valè ke w merite
Drapo m se tankou cheve mwen
Mèt ba l koulè mwen vle vrè koulè l pap chanje
Vrè koulè l pap chanje
Ble e rouj la, se fyète mwen
Mèt fè sa w vle l ap rete kole anba po mwen
Li kole anba po mwen
[Queen Bee]
Yon jou gen pou rive y ap sispann pase ou anba pye
[BélO]
Wa va jwenn respè w merite
[Jean Jean Roosevelt]
Y ap wè w tankou vrè senbòl libète
Drapo m se tankou cheve mwen
Mèt ba l koulè mwen vle vrè koulè l pap chanje
Pap chanje (koulè l pap chanje)
Ble e rouj la, se fyète mwen
Mèt fè sa w vle l ap rete kole anba po mwen
Li kole anba po mwen
Li kole anba po mwen
Li kole anba po mwen
Fyète mwen
Li kole anba po mwen
Li anba po mwen
Li kole anba po mwen
Drapo m se fyète m
Li kole anba po mwen
E m fyè ke m se ayisyen
Li kole anba po mwen
Ayisyanite m anba po m
Li kole anba po mwen