M santi m tris 
 Men konsyans ak santiman mwen konplis 
 M konnen m gen tò, raple m tout moun mwen fè enjistis 
 Pou tout kè m konnen mwen kase 
 Mizè m fè de moun pase 
 Tout bon souvni nou efase 
 M swete n ka met sa nan le passé 
 M tankon w vag 
 M poko la m gentan kite 
 On jou m rale l, on jou m lage l, on jou m poze, m ajite 
 Epi m bay vag 
 Wi se vre 
 Twòp opsyon m pat konn sa m vle 
 M te gen foli, pran pòz pleyè, fè tout nèg yo fè kòve 
 Kounye a se kama, m pran nan drama 
 Lanmou fè m kouche anba dra 
 Gad kijan mwen pran nan traka 
 M tèlman pase yo tout nan fatra 
 Flap, m pran frap 
 Epi m wè m lanmou m te fè bak 
 On ka syèk se te yon etap nan vim kounye an m met pase m nan yon sak 
 Santiman mwen ap jwe lago kache avè m 
 Tout efò m fè, konsyans mwen ap goumen avèm oh 
 Menm si w pa kwè m mwen vle di w tout sa ki nan kè m 
 Santiman mwen kache ap jwe lago kache avè m 
 De twazè nan maten m sou balkon m ap panse a ou 
 Panse ak tout sa m t anvi di w 
 M pa pè di w mwen pè pou m pèdi w 
 E si m pat care 
 Kwè m tap di w tout sa w anvi tande 
 Tanpri cheri pa tante m m gen move defo, m son w danje 
 Èks mennaj mwen pa pale avè m 
 Kominikasyon nou koupe 
    Li te vle travay relasyon an 
 Men m pat janm gen tan m te okipe 
 Ti erè fè gwo efè, twòp ògèy m chaje feblès 
 M fè mizik pou m jere strès 
 M ret poukòm pou m pa fè vye jès 
 E m pa fè pèsonn konfyans 
 M te bay tout bénéfice du doute 
 Kounye a mabout, bout 
 Kenbe kòd la kout 
 M tankou makout 
 Nan sans yo tout entimide 
 Eskize w men m pap bliye 
 Men imilyem 
 Konnen m son w balans lespri m ekilibre 
 Santiman mwen ap jwe lago kache avè m 
 Tout efò m fè, konsyans mwen ap goumen avèm oh 
 Menm si w pa kwè m mwen vle di w tout sa ki nan kè m 
 Santiman mwen kache ap jwe lago kache avè m 
 Pou mwen lanmou m te domine 
 Si w pa gen zo w pase w kanpe 
 Mwen pat gen tan, m pat pèdi tan 
 Avèk gason mwen pat ret tann 
 Kounye a mwen bezwen lanmou, mwen bezwen afeksyon ak atansyon yeah 