(Anh! Yòw!) 
 Msantim tris, msantim raz 
 Msantim seul, msantim naz 
 Msantim pa konplè, m'manke mwatye 
 Msantim pa solid kou kon kay ki manke mòtye 
 Mpap chache bon fizikman kap prezan 
 Mbezwen yon moun nan tout sikonstans kap avèm kap prezan 
 Mpa bezwen yon bèl vizaj bel fizik san enteryè 
 Mbezwen yon moun ki sensè kap avem san enterè 
    Menm si maji tankonw pa vlel 
 Menm siw ta wè mwen pa meritel 
 Men ko mwen, kè mwen, nanm mwen se tout sa ke mwen vle eee 
 Menm si santiman sa fem kriye 
 Fe mwen swete kem pat egziste 
 Menm si tout le de ka pa site 
 Mwen son tè sèk ki bezwen mouye eee 
 Mbezwen lanmou, mbezwen lanmou 
 Mbezwen lanmou ou-ou-ou... 
 Mbezwen lanmou, mbezwen lanmou 
 Mbezwen lanmou ou-ou-ou...   
 Mbezwen yon moun ki anvi viv, ki nan menm sans avem 
 Ki gen menm objektif ki panse menm jan avem 
 Kap defann mwen menm lem antò, on moun ki nan menm kan avem 
 On moun ki fèt pou mwen tankoul te gen menm san avem 
 Mpa bezwen plizye, mpap bezwen 3, mpap bezwen 5 
 Li ka diferan gen stil li vlel pap bezwen senp 
 Em pa bezwen konn vil, mpa bezwen konn pasel, mpa bezwem konn sal te fè, nil pap bezwen sainte   
 Yon neg ki konn renmen 
 Yon neg kap kenbe menm 
 Menm si chimen an lwen 
 Kap pwomèt mwen kap toujou la 
 Yon neg ki pou fem santim byen 
 Yon neg menm sim ta ale lwen 
 Ma va monte sou dol menm si machin lan ta kanpe menm si mwen pata ka mache 
 Yon neg, ki pou respektem nenpot jan sa ye 
 Yon neg, ki pou kanpe avem nan nenpot sitiyasyon kem ta ye 
 Yon neg ke map ka kwe nan li, ki ap ka kwe nan mwen, paskem bezwen lanmou 
 Yon neg ki pre pou mw genyen 
 Mpa meritel 
 Tankoum pa vle 
 Se tout sa ke mwen vle eee 
 Mbezwen lanmou