Nwèl pa m se lè m kontan lè n ap viv ansanm 
 Se nwèl lontan m pa bezwen gwo lajan 
 Konsa mwen fete nwèl, konsa mwen fete nwèl 
 Nwèl pa m se lè m kontan lè n ap viv ansanm 
 Se nwèl lontan m pa bezwen gwo lajan 
 Konsa mwen fete nwèl, konsa mwen fete nwèl 
    Aprè onz mwa kalamite touman m pase 
 Dènye mwa sa se mwa pa m pou mwen banbonche 
 Avek fanmi, avèk tout zanmi mwen 
 Menm si mwen pa ta gen on goud sa pap anpeche m fete non 
 Manmi Papi tanpri pa di m a ki lè pou m antre 
 Lajounen se pou nou, nan nwit se pou zanmi m li ye 
 Pete peta limen fanal al nan pwogram manje fritay 
 Se konsa m pral fete na nan na   
 Nwèl pa m se lè m kontan lè n ap viv ansanm 
 Se nwèl lontan m pa bezwen gwo lajan 
 Konsa mwen fete nwèl, konsa mwen fete nwèl 
 Nwèl pa m se lè m kontan lè n ap viv ansanm 
 Se nwèl lontan m pa bezwen gwo lajan 
 Konsa mwen fete nwèl, konsa mwen fete nwèl   
 Nwèl pa m se lè m an pè peyi ap byen mache 
 Ak tout zanmi m mwen ka soti antre san m pa strese 
 Ale nan reveyon pou m al priye Bondye 
 Pase lakay fanmi anm yo pou mwen ka al manje 
 Nwèl pa m se nwèl kontan, nwèl pa m se nwèl lajwa 
 Menm si m pa gen milyon depi nou gen linyon 
 Nwèl pa m se nwèl lanmou, nwèl pa m se nwèl gete 
 Konsa m a di map fete nwèl   
 Monte nan mòn yo, gate syèl la w a wè jan l bèl 
 Timoun lari yo, tout sentaniz yo dwe fete nwèl 
 Move lawon yo, lage peyi a pou l fete nwèl 
 Tout moun ki dwe m yo, pote ti kòb pou m fete nwèl   