(Fatima) 
 (Adams) 
    Mwen fè tout sa m kapab, men sa pa t ka mache 
 Mwen menm fè konpwomi, fèmen bouch, fèmen je mwen 
 M aksepte sa m te 'juré inacceptable' 
 Lanmou w te sèvi, fòk mwen kite 'la table'   
 M vle resevwa sa m te konn bay tou (bay tou) 
 Mwen vle jwenn yon moun ki pou pran ka m tou 
 Wi, mwen vle 
 Wi, mwen vle, bebe, pou w te, bebe, pou w te   
 Bouke fè m fè jalou 
 M te santi mwen about 
 Plede plenyen chak jou 
 M te prèske fou pou moso lanmou 
 Fwa sa, m fè yon detou 
 M pral chache lanmou tou 
 M pa t janm jwenn an retou, menm si l pa ou, l ap vini yon jou   
 Se pa yon orevwa, men fwa sa s on adye 
 M bouke ret tann, mwen konnen byen ou p ap chanje 
 Relasyon sa a gen fòs kote 
 Fwa sa, m vle mete m an premye 
 Ouh oh-oh-oh!   
 M vle pou w konprann jan l konn fè m mal tou (fè mal tou) 
 Mwen vle pou w santi sa m konn santi tou, bebe 
 Wi mwen vle 
 Wi, mwen vle, bebe pou w te, bebe, pou te   
 Bouke fè m fè jalou 
 M te santi mwen about 
 Plede plenyen chak jou 
 M te prèske fou pou moso lanmou (moso lanmou) 
 Fwa sa, m fè yon detou 
 M pral chache lanmou tou 
 M pa t janm jwenn an retou 
 Menm si l pa ou, l ap vini yon jou   
 Se pa lè m ale a pou w wè 
 Ke m te vo plis ke sa 
 Se pa lè m ale a pou w wè 
 Sa w te gen nan men w lan 
 Ou wè w te dwe ban m plis ke sa, ouh oh!