Tou pare, tou pare 
 Mwen vini tou pare, tou pare 
    Je nou kwaze mwen santi m konnen w 
 Nan yon lòt dimansyon ou se moun mwen 
 Pa telepati ou touche nanm mwen m anvi kouri 
 De pye m mare mwen pa ka mache mwen pa ka kouri 
 Pwoche pi pre pou w wè si wap ka tande 
 Tanbou nan kè m kap bat 
 Pati k ap jwe a m gentan konnen m kale 
 Paske w son bon zèl kat   
 Tou pare, tou pare 
 Mwen vini tou pare, tou pare   
 M pa bezwen konnen non w pou m gentan wè w vanyan vanyan vanyan 
 Mwen t ap chèche w lontan kounya m pral ba w ochan ochan 
 Antre nan legliz mwen an pou vin priye 
 Demen lè m leve m oblije konfese 
 Pwoche pi pre pou w wè si wap ka tande 
 Tanbou nan kè m kap bat 
 Pati k ap jwe a m gentan konnen m kale 
 Paske w son bon zèl kat   
 Tou pare, tou pare 
 Mwen vini tou pare, tou pare   
 Tankou yon eponj 
 Mwen vle w prije m   
 Prije m cheri prije m 
 Fouye tou anndan krann mwen 
 Vide tout sa k andan mwen 
 Prije m cheri prije m 
 Fouye tou anndan krann mwen 
 Vide tout sa k andan mwen   
 Fatima   
 Cheri prije m 
 Ou mèt peze m – peze m 
 Ou mèt prije m – prije m 
 Ou mèt peze m – ou mèt peze m, baby 
 Se tankou bannann pou w peze m   
 Prije m cheri prije m 
 Fouye tou anndan krann mwen 
 Vide tout sa k andan mwen 
 Prije m cheri prije m 
 Fouye tou anndan krann mwen 
 Vide tout sa k andan mwen   
 Mete m chita sou ou 
 Poze m ti kesyon dou 
 Fè lòlòj mwen vire vire 
 Jiskaske lespri m tonbe bay dlo 
 Fè kò m tranble ak bo 
 Tout plim kanpe sou do m 
 Pou m ap plede ponpe ponpe 
 Jiskaske nou tou de rive   
 Prije m cheri prije m 
 Fouye tou anndan krann mwen 
 Vide tout sa k andan mwen 
 Prije m cheri prije m 
 Fouye tou anndan krann mwen 
 Vide tout sa k andan mwen