Se kenny, ou-ye, Fatima 
    Cheri, pou jan m wè w la 
 M ka wè w trè estresan 
 E m ka wè w gen yon nèg nan vi w ki vle w touye tèt ou 
 Ki al fè konnen w pa imotèl 
 Yon bandi konsa, fò w pè l 
 E m wè w la ak misye kanmenm 
 Li kraze tout sa w te vle bati 
 Pou jan w ye, fò w ta chanje jan l aji 
 Ou pa ka ak yon moun k ap bat ou nan lari 
 M pa vle w rete, sinon w ap pedi lavi w, oh-oh-oh 
 Pandan nèg sa pran vi w, li vle redwi l an sann 
 Mwen, m vle ba w yon lanmou san limit ak tou nanm 
 Pandan lè w pale avè l, kom repons, tèt ou l fann 
 Men m g'on valè lanmou andan kè m k ap ret tann ou   
 Ah-ah-ah, ah-ah-ah 
 Oh-oh-oh, oh-oh-oh 
 Ah-ah-ah 
 Eh-eh-eh 
 Oh-oh-oh, oh-oh-oh   
 Kisa w te vle m kwè 
 Kisa w te vle m fè 
 Pou mwen, se li k te toujou la 
 Si m leve, m ale, kraz'on kite sa 
 Nan je tout moun m ap yon engra 
 Si l te fasil pou mwen jan w ap esplike l la, kwè mwen 
 M t ap gen tan bat zèl mwen, m vole deja 
 Se pa konnen m pa konnen jan l ap trete m lan lèd 
 Mwen ba l pòt kè m, e li chanje kle a 
 Pandan nèg sa pran vi w, li vle redwi l an sann (se pa konnen mwen pa konnen) 
 Mwen, m vle ba w yon lanmou san limit ak tou nanm (si sèlman, si mwen te kapab) 
 Pandan lè w pale avè l, kom repons, tèt ou l fann 
 Men m g'on valè lanmou anndan kè m k ap ret tann ou 
 Reyalite a p ap chanje 
 Se vre m konnen l ap maltrete m 
 San li, m pa konn kiyès mwen ye 
 M santi kè mwen ap rache 
 Lè m wè dlo ap koule nan je w 
 Franchman mwen swete sa chanje   
 Ah-ah-ah, ah-ah-ah 
 Oh-oh-oh, oh-oh-oh 
 Ah-ah-ah 
 Eh-eh-eh 
 Oh-oh-oh, oh-oh-oh