Ou anvayi lespri mwen 
 Yon fason mwen pa ka eksplike 
 Sou tout fòm mwen renmen w 
 Chak jou m rejwi 
 Pou m wè n men nan men 
 San presyon n ap avanse 
 Sou tout fòm mwen renmen w 
    Mwen vle ou konnen 
 Ke nan vi sa m ap toujou prè w 
 E men m nan lòt yo m ap avè w 
 Mwen vle ou konnen 
 Ke nan vi sa m ap toujou prè w 
 E men m nan lòt yo m ap avè w   
 San kondisyon 
 M vle avèk ou san kondisyon 
 Vyeyi avè w se sèl opsyon m 
 San kondisyon 
 Se ou ki gen tout atansyon m 
 Ou ki kontwole emosyon m 
 San kondisyon   
 Ou son melodi 
 Jou e nwi m ap chèche anbeli 
 Se waw waw 
 Nan pwen fason m ka eksplike w plis 
 Lè n anlase m pa we tan pase 
 Dlo je w asé ka mete m down down 
 Pa gen fason m 
 Pou m eksplike ou plis   
 Mwen vle ou konnen 
 Ke nan vi sa m ap toujou prè w 
 E men m nan lòt yo m ap avè w 
 Mwen vle ou konnen 
 Ke nan vi sa m ap toujou prè w 
 E men m nan lòt yo m ap avè w   
 San kondisyon 
 M vle avèk ou san kondisyon 
 Vyeyi avè w se sèl opsyon m 
 San kondisyon 
 Se ou ki gen tout atansyon m 
 Ou ki kontwole emosyon m 
 San kondisyon   
 Love mwen vle a pa gen kondisyon ladan l, baby 
 Love mwen vle a pa gen kondisyon ladan l   
 Konsa Lòt jou mchita lakay map reflechi 
 Si w pat nan vi m mwen ta soufri 
 Konsa Lòt jou mchita lakay map reflechi 
 Si w pat nan vi m smen tap mouri   
 Fèmen de je w pou resevwa - wi pou resevwa 
 Love love love mpral ba ou a - love mpral ba w la babe 
 M pral ba ou a 
 M pral ba ou a 
 Fèmen de je w pou resevwa - wi pou resevwa 
 Love love love - love mpral ba w la babe 
 M pral ba ou a 
 M pral ba ou a   
 Mwen vle w san kondisyon 
 Mwen vle w san kondisyon 
 Mwen vle w san kondisyon 
 Mwen vle w san kondisyon   
 Love mwen vle a pa gen kondisyon ladan l, baby 
 Love mwen vle a pa gen kondisyon ladan l   
 Fèmen de je w pou resevwa - wi pou resevwa 
 Love love love mpral ba ou a