Fatima (Fatima, Fatima...) 
    Gen jou, m p ap viv 
 M jis ap respire 
 Gen jou, m tante plonje, se vid la k atire m 
 Ale lwen, retire m 
 Gen jou, m tankou yon boutèy nan lanmè k ap navige 
 Gen jou, zantray mwen ap dechire 
 Chante pou delivre m   
 Gen jou, m pèdi souri m 
 Pèdi pasyon, flanm nan mouri 
 Gen jou ki fè soufri 
 Men demen se yon nouvo jou 
 Yè jis yon souvni   
 Gen jou m pèdi souri m 
 Pèdi pasyon, flanm nan mouri 
 Gen jou ki fè soufri 
 Men demen se yon nouvo jou 
 Yè jis yon souvni   
 (Yè jis yon souvni)   
 Gen jou, m pèdi fòs, kache pou m al kriye 
 Gen jou, m bezwen on bra pou m apiye 
 Gen jou, l fè nwa 
 M pa jwenn repons menm lè m ap priye 
 Gen jou, zantray, zantray mwen ap dechire 
 Chante pou delivre m   
 Gen jou, m pèdi souri m 
 Pèdi pasyon, flanm nan mouri 
 Gen jou ki fè soufri 
 Men demen se yon nouvo jou 
 Yè jis yon souvni   
 Gen jou, m pèdi souri m 
 Pèdi pasyon, flanm nan mouri 
 Gen jou ki fè soufri 
 Men demen se yon nouvo jou 
 Yè jis yon souvni   
 (Yè jis yon souvni, oh-oh!)   
 (Ah-ah-ah-ah-ah-ah) jis yon souvni, yon souvni, jis yon souvni 
 (Ah-ah-ah-ah-ah-ah) jis yon souvni, yon souvni, jis yon souvni   
 Gen jou, m pèdi souri m (ah-ah-ah-ah-ah-ah) 
 Pèdi pasyon, flanm nan mouri 
 Gen jou ki fè soufri (ah-ah-ah-ah-ah-ah) 
 Men demen se yon nouvo jou 
 Yè se jis yon souvni   
 Gen jou, m pèdi souri m (ah-ah-ah-ah-ah-ah) 
 Pèdi pasyon, flanm nan mouri 
 Gen jou ki fè soufri (ah-ah-ah-ah-ah-ah) 
 Men demen se yon nouvo jou 
 Yè se jis on souvni