1. 1

    Fatima Altieri - Map Tann Ou (feat. Jean Bernard Thomas)

  2. 2

    Fatima Altieri - Self Love (feat. Phyllisia Ross)

  3. 3

    Fatima Altieri - Souvni (Toby Anbake Remix) (feat. Toby Anbake)

  4. 4

    Fatima Altieri - À Temps (feat. Kreyol La)

  5. 5

    Fatima Altieri - Blese

  6. 6

    Fatima Altieri - Carrière (feat. Coyote Jo Bastard)

  7. 7

    Fatima Altieri - DODO

  8. 8

    Fatima Altieri - Espas (feat. KANIS)

  9. 9

    Fatima Altieri - Hello

  10. 10

    Fatima Altieri - Kole Sou Mwen (feat. Yoan)

  11. 11

    Fatima Altieri - M Bezwen Lanmou (feat. Wendyyy)

  12. 12

    Fatima Altieri - Nan dlo (feat. Oswald)

  13. 13

    Fatima Altieri - Nou Paka Ansanm (feat. TROUBLEBOY HITMAKER)

  14. 14

    Fatima Altieri - Nwèl Pa'M (feat. Shishie)

  15. 15

    Fatima Altieri - Padon (feat. TROUBLEBOY HITMAKER)

  16. 16

    Fatima Altieri - Pou te

  17. 17

    Fatima Altieri - Prije m

  18. 18

    Fatima Altieri - Pwoteje M

  19. 19

    Fatima Altieri - Pyem Mare (feat. Kenny Haiti)

  20. 20

    Fatima Altieri - San Kondisyon (feat. Jude Jean)

  21. 21

    Fatima Altieri - Souvni

  22. 22

    Fatima Altieri - Tout Sam Vle

  23. 23

    Fatima Altieri - W'abandone'm

  24. 24

    Fatima Altieri - Wololoy (feat. Kenny Haiti)

Souvni (Toby Anbake Remix) (feat. Toby Anbake)

Fatima Altieri

Fatima
It’s Toby

Gen jou m pap viv m jis ap respire
Gen jou m tante plonje se vid la k atire m
Ale lwen retire
Gen jou m tankou yon boutèy nan lanmè k ap navige
Gen jou zantray mwen ap dechire
Chante pou w delivre

Gen jou m pèdi souri m
M pèdi pasyon, flanm nan mouri
Gen jou ki fè soufri men demen
Se yon nouvo jou yè jis yon souvni

Gen jou m pèdi souri m
M pèdi pasyon, flanm nan mouri
Gen jou ki fè soufri men demen
Se yon nouvo jou yè jis yon souvni

Gen de moman m pa santi m menm
Gen de moman m gen on santiman ke pwòp nan mwen m konn santi l lwen m
Gen de moman k asasinen m
Gen de jou kè m pa bat, m konn pa santi l menm
Dèfwa sa m konn anvi tande se yo m di moun pou m santi m byen
Memwa m gen twòp screenshot fè m konn pè fèmen je m
Vi m toujou an danje
M vinn pa fye kenn moun
M angaje nan on konba chak jou m ap kenbe
Pou m ka ret debou nan yon gagè
Pil kout ponya nan do m pil po jilèt tankou m te nan yon barber, yow
Tou bote m tounen sikatris ou sezi
On ti bouton ki vinn tounen yon maleng ki vinn bay yon apsè vif
M padone yo menm pa bliye yo m pa Jezi
Dèfwa doulè yo twòp son laponyèt ki ban m anestezi
Aristid di si m pa sove diyite m l ap sove kite m
Tout sa m te genyen sove kite m se sèl diyite m ki ake m
Yo pa gade m akey si se medyokrite n akeyi
Imaj yo ap pase an bouk nan memwa souvni yo penib
Yow
Imaj yo ap pase an bouk nan memwa souvni yo penib
Ouh

Gen jou m pèdi souri m
M pèdi pasyon, flanm nan mouri
Gen jou ki fè soufri men demen
Se yon nouvo jou yè jis yon souvni

Gen jou m pèdi souri m
M pèdi pasyon, flanm nan mouri
Gen jou ki fè soufri men demen
Se yon nouvo jou yè jis yon souvni

Gen de moman m pa santi m menm
Gen de moman m gen on santiman ke pwòp nan mwen m konn santi l lwen m
Gen de moman k asasinen m
Gen de jou kè m pa bat, m konn pa santi l menm
Dèfwa sa m konn anvi tande se yo m di moun pou m santi m byen

Jis yon souvni, yon souvni
Jis yon souvni
Jis yon souvni, yon souvni
Jis yon souvni

Gen jou m pèdi souri m
M pèdi pasyon, flanm nan mouri
Gen jou ki fè soufri men demen
Se yon nouvo jou yè jis yon souvni

Gen jou m pèdi souri m
M pèdi pasyon, flanm nan mouri
Gen jou ki fè soufri men demen
Se yon nouvo jou yè jis yon souvni

Playlists relacionadas Ver mais playlists

Momentos

O melhor de 3 artistas combinados