Tankou yon priyè 
 W anvayi ti kè mwen 
 Ou pot lanmou nan vi m 
 Ou reban m souri m 
 M pa konn si wap pase ou si w la pou bon tan 
 M pa konn si w vin blofe men prezans ou fè m kontan 
 Ou fè m renmen lavi mwen 
 M santi m safe, nan bra w lè w vlope m 
 Wi m renmen la vi mwen 
 Ak tout jan ou fè m santi m lè m bò Kote w 
    Tout sa m vle - Pou sa pa janmè fini 
 Mwen vle n - Renmen a l infini 
 Si w vle - Nap viv pi bèl emosyon 
 Tout sa m vle - Pou sa pa janmè fini 
 Mwen vle n - Renmen a linfini 
 Si w vle m - Ak kè m fò w pran prekosyon   
 Ayayay a ya a ya a ya a ya a ya a a 
 Ayayay a ya a ya a ya a ya a ya a a   
 Tankou yon rivyè Kap koule san rete 
 Map benyen nan lanmou 
 Tout sa m te swete 
 Chak w apwoche m, ou eksite m 
 Kisa map fè si yon jou w meprize m 
 M prè pou m viv lavi m ak ou 
 Ou fè m renmen lavi mwen 
 M santi m safe, nan bwa w lè w vlope m 
 Wi m renmen la vi mwen 
 Ak tout jan ou fè m santi m lè m bò Kote w   
 Tout sa m vle - Pou sa pa janmè fini 
 Mwen vle n - Renmen a l infini 
 Si w vle - Nap viv pi bèl emosyon 
 Tout sa m vle - Pou sa pa janmè fini 
 Mwen vle n - Renmen a linfini 
 Si w vle m - Ak kè m fò w pran prekosyon   
 Non m pa vle sa chanje 
 Se vre nou fenk rankontre 
 M gentan twò atache 
 E m paka fòse w rete 
 Non m pa vle sa chanje 
 Se vre nou fenk rankontre 
 M gentan twò atache 
 Sa m pwal fè si w ale   
 Ayayay a ya a ya a ya a ya a ya a a 
 Ayayay a ya a ya a ya a ya a ya a a