1. 1

    Harmonik - Incroyable

  2. 2

    Harmonik - Pap Ka Separe (feat. Jessie Woo)

  3. 3

    Harmonik - Mesi

  4. 4

    Harmonik - Angelique (feat. Dener Ceide)

  5. 5

    Harmonik - Apiye (feat. KONPA)

  6. 6

    Harmonik - Banm Tout Afè'm (feat. Kenny Haiti)

  7. 7

    Harmonik - Bel Ti Moman

  8. 8

    Harmonik - Cheri Benyen'm

  9. 9

    Harmonik - Degaje

  10. 10

    Harmonik - Di’m Kisa Pou Mwen Fè

  11. 11

    Harmonik - Diferan

  12. 12

    Harmonik - EGZISTE

  13. 13

    Harmonik - Enpòtans

  14. 14

    Harmonik - Fè Mwen Konfyans

  15. 15

    Harmonik - Harmonik Time

  16. 16

    Harmonik - I Believe In Love

  17. 17

    Harmonik - I Heart You

  18. 18

    Harmonik - Illegal

  19. 19

    Harmonik - Imparfait

  20. 20

    Harmonik - Jere M'

  21. 21

    Harmonik - M'ap Trepase

  22. 22

    Harmonik - Maturite

  23. 23

    Harmonik - More Than Enough

  24. 24

    Harmonik - Mwen Bouke

  25. 25

    Harmonik - Obsede

  26. 26

    Harmonik - Otan

  27. 27

    Harmonik - Ou Detenn Sou Mwen

  28. 28

    Harmonik - Ou Se

  29. 29

    Harmonik - Pa Mode

  30. 30

    Harmonik - Pap Negosyew

  31. 31

    Harmonik - Pwazon (feat. Troubleboy Hitmaker)

  32. 32

    Harmonik - Sim Te Gen

  33. 33

    Harmonik - Simplicité

  34. 34

    Harmonik - Trusted (feat. Milka)

Harmonik Time

Harmonik

Ou toujou la pou nwi'm, avili'm
Pran pòz w'ap vin banm bon konsèy
Ou toujou vle blaze'm, mare pye'm
Mwen konnen w'ap chèche parèy
Se pa paske ou gache avni'w
Nan mal mennen vi'w
Pou vle gache pa'm
Se pa paske ou gate pwojè'w
Nan mal fè zafè'w pou vle
Kraze pa'm
Kite'm degaje'm
Pa pèdi tan'w, pa pèdi tan'w
Kite'm degaje'm
Pa pèdi tan'w, pa pèdi tan'w

Ou toujou vle detui
Fè zanmi'm yo vire banm do san rezon
Toujou ap chèche'm, siveye'm
Depi kilè ou te patwon'm
Se pa paske ou pèdi chans pa'w
Pou ka trete pa'm kou vle pèdi pa'm
Se pa paske ou fè kont erè'w
Pou paka tann lè'w
Ou vle, ou vle pou'm fè pa'm
Kite'm degaje'm
Pa pèdi tan'w, pa pèdi tan'w
Kite'm degaje'm
Pa pèdi tan'w, pa pèdi tan'w, pa pèdi tan'w

Zanmi vin kontrarye'm
Ban'm 5 mèt la
Pou'm lave lè a
Ban'm 5 mèt la
Banm distans mwen
Pou'm lave lè a
Sandoudou
Degaje pa peche
Ou manje ak graten ou menm
Chak moun nan lavi
Chak moun nan lavi
Gen yon chans pou'l pase
Si'w kite'l pase zafè'k gade'w
Chak moun nan lavi
Gen yon chans pou'l pase

Si'w kite'l pase zafè'k gade'w
Zafè'k gade'w
Si'w kite chans prezidan'w lan pase
Zafè'k gade'w
Si'w kite chans senatè'w la pase
Zafè'k gade'w
Si'w kite chans direktè'w la pase
Zafè'k gade'w
Chans sipèsta'w la pa kite'l pase
Chak moun nan lavi
Chak moun nan lavi
Gen yon chans pou'l pase
Si'w kite'l pase zafè'k gade'w

Zafè'k gade ou
Chak moun nan lavi
Gen yon chans pou'l pase
Si'w kite'l pase zafè'k gade'w
Sandoudou
Degaje pa peche
File twonpèt la an granmoun
Apa'w sezi
Mwen pa'p pèdi chans pa'm
Mwen pa'p pèdi chans pa'm nan
Se laj k'ap monte o
Mwen pa'p pèdi chans pa'm nan
Se laj k'ap monte o
Se granmoun n'ap granmoun
Lè lafimen ap degaje
Kiyès ki ka bloke'l
Lè a rive pou degaje
Tout moun 2 men anlè

Degaje, degaje, degaje tankou se lafimen
Degaje, degaje, degaje tankou se lafimen
ee ee
Yo konn bloke lafimen
ee ee
Caleb Desrameaux pa pèdi chans pa'w la non
Mwen pa'p pèdi chans pa'm
Mwen pa'p pèdi chans pa'm nan
Se laj k'ap monte o
Mwen pa'p pèdi chans pa'm nan
Se laj k'ap monte o
Se granmoun n'ap granmoun
Lè lafimen ap degaje
Kiyès ki ka bloke'l
Lè a rive pou degaje
Tout moun 2 men anlè
Degaje, degaje, degaje tankou lafimen
Degaje, degaje, degaje tankou lafimen
ee ee

Playlists relacionadas Ver mais playlists

Momentos

O melhor de 3 artistas combinados