Mwen pran tout mès ou Tout abitid ou Se kòmsi m wè menm, menm jan avè w mwen pale Tout ti vye jès ou Menm atitid ou Se kòmsi nou te fèt menm manman, menm papa
Tankou yon tach ki pa t ka efase Konsa w ap fè enpak sou mwen Yon tatou ke mwen pa t ka retire Se konsa ou detenn sou mwen
Ou detenn sou mwen De-de-detenn sou mwen (Sa pa nòmal) Ou detenn sou mwen De-de-detenn sou mwen
M p ap pase yon jou San m pa tande ou Ou tankou batman kè m, si w kanpe m tou mouri Ou vomi tout lank plim ou sou mwen Se konsa ou detenn sou mwen
Ou detenn sou mwen De-de-detenn sou mwen (Sa pa nòmal) Ou detenn sou mwen De-de-detenn sou mwen
Rèv mwen Se pou m ba w ti rès la (Lavi m dous konsa) Rèv mwen Se pou m pa janm 'ex' la (Lavi m dous)
Mwen wè tout sa ki gen deyò a deja Mwen fè tout eksperyans ki gen deja Lè nou soti se pou nou abiye menm jan (Yo mèt rele m marasa)

(Lavi m dous) (A mò)