1. 1

    Klass - Mizik Sa

  2. 2

    Klass - 10 Sou 10

  3. 3

    Klass - An Piblik (feat. Steves J Bryan)

  4. 4

    Klass - Anmwe Sekou

  5. 5

    Klass - Blakawout

  6. 6

    Klass - Bootleg

  7. 7

    Klass - Bouche Twou Vid

  8. 8

    Klass - D.D.N.

  9. 9

    Klass - Dwat Pou W Vini (feat. Wyclef Jean)

  10. 10

    Klass - Fè’l Ak Tout Kè’W

  11. 11

    Klass - Fèl Vini Avan

  12. 12

    Klass - I'm Sorry

  13. 13

    Klass - Klike Sou Li

  14. 14

    Klass - Kout Papa

  15. 15

    Klass - Lajan Sere

  16. 16

    Klass - Lanmou N Kidnape

  17. 17

    Klass - Lanmou Pafè

  18. 18

    Klass - Let's Make It Work

  19. 19

    Klass - LOL (Pa Fiye)

  20. 20

    Klass - M Poko Ap Bay

  21. 21

    Klass - Map Marye

  22. 22

    Klass - Move Siyal

  23. 23

    Klass - My Pain Killer

  24. 24

    Klass - Nou Se Ayisyen

  25. 25

    Klass - Pale Pou Tèt Ou

  26. 26

    Klass - Pitit Deyo

  27. 27

    Klass - Pou Yon Moun M Ap Mande

  28. 28

    Klass - Ranje Chita'w

  29. 29

    Klass - Respekte Fanm

  30. 30

    Klass - Ret Nan Liy Ou (feat. Master Brain)

  31. 31

    Klass - Se Ou Sèl Mwen Genyen

  32. 32

    Klass - Vale'w (feat. Rutshelle Guillaume)

  33. 33

    Klass - Véyé Sa’w Pral Wè

  34. 34

    Klass - Wap Peyel (feat. Master Brain)

  35. 35

    Klass - You Don’t Want Me

Anmwe Sekou

Klass

KLASS!
Fò’m pale mezanmi!
Yeba!

Tèlman m obsede ak pwobèm peyi mwen
Mwen pa kapab fèmen je mwen
Soulye a gendwa pa vle di nou
Men l konn lè on chosèt gen twou
Nou konfonn neglijans ak aksidan
Nou tankou on pakèt ti bèt kouran
Maladi peyi m paka pi grav
Paske pi mal se kadav

Anmwe! Anmwe wo!
Pou enterè pwòp frè n ap detwi nou
Bondye! Bondye wo!
Papa ou se sèl doktè ki ka geri nou

Pouki n ap fòse pèp la di viv kounya
Lè n konnen l pral di aba pita
Li fè m mal lè n kouri pou lapli
Se nan lanmè nou blayi
Pa bezwen konn kiyes ki prezidan
Depi yo vote l legalman
Mwen bouke wè manyòk kap rache
Pou yon pi mal ranplase

Anmwe! Anmwe wo!
Pou enterè pwòp frè n ap detwi nou
Bondye! Bondye wo!
Papa ou se sèl doktè ki ka geri nou
Pipo kòman w ye!?
Nap gade san pran sa kap pran san gade!
Adje frè! Se vre wi Richie! Yeba!
Pwofèt la pale! Ayisyen tande!
Tout tan n gen souf fon batay!
Yonn pou lòt! Yonn pou lòt!

Nou gen posiblite chanje
Se bòn volontè nou manke

Kot ti sa n paka fè la?!
Nou gen posiblite chanje
Se bòn volontè nou manke

Adje! Si w konnen l pa bon pou zwa
Pa di li bon pou kana
Si nap rele chen papa pou zo
Diyite n a zero
Kay ap bati nan ravin
Tankou pye bwa k san rasin
Si yon lòt seyis pase
Dega yo pral repete
Paske nou pa janm pare

Pran sans nou!
Anmwe sekou!
Nap pèdi eskanp figi nou!
(Repeat)

Nou bezwen yon lòt Toussaint
Yon Dessalines tap fè n byen woy
Devan radiyès Dominiken
Yo ta ede n goumen
Tout sak fè nou parèt gran
Se nan listwa nou yo ye
Nou bezwen lidè vanyan
Ki pap preche n reziye
Ki gen kouraj ak diyite

Pran sans nou!
Anmwe sekou!
Nap pèdi eskanp figi nou!

Figi nou atè a!

Pran sans nou!
Anmwe sekou!
Nap pèdi eskanp figi nou!

Si maladi n pi grav nou pral kadav!

K-L-A-S-S! KLASS!
Manman, manman, manman, manman!

JP fè travay ou!

Rapidite! Sa li ye!

Se nan Klass la! Tout pawòl pale!
Wi se nan Klass la! Tout pawòl pale!

Oolalalalalala! Quelle affaire?!

Pran sans nou!
Anmwe sekou!
Nap pèdi eskanp figi nou!

Nou pa gen respè pyes kote!
Pran sans nou!
Anmwe sekou!
Nap pèdi eskanp figi nou!

Si n pa parèt ansanm, nou pral disparèt ansanm wi mezanmi! Heyhey!
Al medite sou sa!

Playlists relacionadas Ver mais playlists

Momentos

O melhor de 3 artistas combinados