Ak lank m ap sal rad M pot neglijans baw nan tèks sa Foumi va ba w nouvèl Nan kad egzistans mwen sou tè sa Ou bezwen vès Konn vès sa Kwè sa Epi wè sa Ay may bezwen mèl Nan dènye lè a enben pran lèz sa Nou woule n fè mirak Tankou splef la Sot nan syèl Goute life nou li rak Menm lè n chaje potansyèl Nou rèd Epi nou tèt frèt Bèt! Tankou n gen 7 tèt Pou tèt nou n se sèl mèt My nigga plèk plèk Nou ret onèt Feblès nou nou rekonèt Sa pa gade n ou Nèg salon Nou menm nou geto n geto nèt Menm lè n lekòl Plas nou ranje dèyè Ou lakòl ou mal chita N tou di w ranje dèyè w Ou fè erè y ap met manje ranje dèyè w Anndan pwogram nou voye je w w ap wè tout Deranje dèyè Sa ka chame w Jan m tòde reyalite a Jan m detwi l la pa anyen non man E jan m ap reyanime l la Jan m lage a San panik E jan m ye a Tou m pa nwi
Gen Dedy Styl K ap ban m bon bit K ap ban m bon van Pou m bat apik Fè tiktak yo vin taktik So game fè glas M vin ak pik M vin pou deranje Tank on chen mèg M vin a tik Si m djab nan je w Yow pou blag man M ap manje w Si w se sa tou man M ap fè w pè Nou p ap fè pè Fò w aranje w Di w sa l ye a So zafè w Si w pran l nan sans kri Sa m fè pou ane a Se lirik m akouche San kri Nan kole kole rim M vin kole kolerik M pa nan polemik M pito politik Si w anba dlo M pot on vibe waterproof M vin bay fake yo anbago Sa k ap fè rap watè Wouch! Pandan ak rap M siy on pak G on jan pou l ye Nan vi yon blak Gout pa gout ba w bout hip hop Vide anndan m San ret on tak Vibe sa w p ap ka konbat W ap tonbe plat Si w vid k on sak Konsa Ak mo m ret an kontak Sa fè flo m yo Rete konpak Konpa sa w P ap ka jere l W ap pike s on pwent sèch Anba sa w p ap ka gade w ap bite S on pwent flèch Mic tchèk Mic tchèk Yow ban m on bit Pou m bay bèk One take One take Tou ban m on blunt Pou may frèt Pou m fwete medyòk yo M ap pale de zòt yo Fè yo wete kò yo Pou n tounen ak bèl epòk yo An n rale sa k fò yo Fè yo double jefò yo Pou n refè l ankò e ankò