Ou di solèy M di zèv Somèy M di rèv Ou di m konfyans M di prèv Konsyans M di chèf Ou di lanmou Li anndan nou Si w nan kan nou Ou tou klan nou Libète nou yo pa t ban nou l Nou batay tou Jouk nou granmoun M f on koudèy M w on pil fèy M wè 3 wòch dife M wè ti plat M wè ti tas Avèk ti tak kafe M wè vilaj M wè vizaj M wè lòt fas kache Moun yo frikat Men m wè imaj Ki gen ti jak k ap jwe M wè leta M wè boujwa M wè gangstè Ki nan pouvwa M wè prado Gwo kay yo Gwo zam yo Y ap fè gwo vwa
Di kolon S on gwoup moun M w on kolonn M fè zoom Podyab pèp Y ap fè kòlè M Tande tonnè M tande fout M wè rivyè M wè lanmè Anpil tèt mòn Ak pye bwa M wè siwo M wè kleren M wè vèvè Moun pran lwa Yo jete dlo Limyè limen Mande pasaj Nan wout la Bouji atè Moun yo pa pè Yo g on bon sant Florida Yo solid Yo solidè Yo pa fòk Ak fo lidè Yo f on konbit Pou konbat Pa gen plas Pou solitè Moun yo bezwen viv Yo pa menm jwenn on minimòm Lavi g on koulè vif Mizè isit s on inifòm
Nou di tout sa n wè Tout sa n santi Nou Dekri Yon tablo lavi Leta sanginè San nati Sosyete febli Vizyon n pati
Nou Malad Pa gen lopital se zèv Leta Moun ap mouri Toupatou se zèv leta
Pou w on manman ak men nan tèt Yo fenk kidnape pitit li Yo mande l yon pakèt kòb Li poko janm wè nan tout vi li Se leta pou l avili Pou yo sispann jwe ak vi li Imajine yon jenn tifi Yo vyole jan sa fini On nèg pr on bal nan tèt Pa menm gen Yon ankèt Anba lavil bò lari Gwo midi w pa wè sa lèd Dèfwa sot deyò s on gwo risk Menm si devan g on pòs polis Nèg ap bay bal ak bonis Chape menm lè gen blokis Leta pisan Lè Pou l vòlè tè peyizan Lè pou l leve ti machann nan Lè se moman pwopagann nan Men l enpwisan Lè l pou l ofri bon kondisyon Lè pou l pote yon solisyon Lè pou l fè fas ak koripsyon Sa k fè peyi m nan bòdègèt Nèg yo plis kwè nan vòlè pèp Lage n toutan nan vote trèt Lè pou piye yo kole tèt
Pandan n bezwen viv Nou pa menm jwenn on minimòm Lavi g on koulè vif Mizè isit s on inifòm