1. 1

    Medjy - Awoyo

  2. 2

    Medjy - Jou Dega

  3. 3

    Medjy - All About You (feat. DJ Roger & Rayy Raymond)

  4. 4

    Medjy - Bad gyal (feat. Kenny Haiti)

  5. 5

    Medjy - Bèl Apèl

  6. 6

    Medjy - Jije'm (feat. KAÏ)

  7. 7

    Medjy - Konsèy

  8. 8

    Medjy - Lapatri An Danje

  9. 9

    Medjy - Lasyans

  10. 10

    Medjy - Love Pa Peye Bill (feat. Baky)

  11. 11

    Medjy - Marasa (feat. Troubleboy Hitmaker)

  12. 12

    Medjy - Mèsi Bokou

  13. 13

    Medjy - Pasyante

  14. 14

    Medjy - Pote'l Banm (feat. Baky)

  15. 15

    Medjy - Pridan

  16. 16

    Medjy - Si Yo Vle (feat. Baky, Steves J. Bryan & TroubleBoy Hitmaker)

  17. 17

    Medjy - Soperiye

Pote'l Banm (feat. Baky)

Medjy

W ap pran pòz thug ou

Se pa lanmou sa l te vize
Se pa konsa l te vle viv avè w
Ou pran plezi fè kè l brize
Kòmsi pou ou, l pat gen okenn valè

Nan je l, de ran dlo ap glise
Lè l ap soufri ou fè kòmsi w pa wè
Ou di w pa nui si l ta kite w
Paske, pou ou, l te mèt disparèt

Fanm sa te vle w pou lavi
Li fè w konfyans, ou trayi l
Ou di w vle fanm sa sèlman pou w ka trip avè l
Pandan l te pran w pou mari l

Si w pa renmen l, ou mèt pote l ban mwen
Ou mèt pote l ban mwen
Piti, pot afè m ban mwen
Ou mèt pote l ban mwen

M ap chèch'on bon ti grenn gen lontan sa
Si l pa bon nan je w, kite li konsa
Pote l ban mwen
Piti, pote l ban mwen

Paske l pa janm pale, ou pran l pou egare
L ap ede w monte, men w pa janm vire gade l
Li fe tout sa w mande l, men w pa t janm te vle gate l
Jis mete l klè, si w pa vle l, di w pa vle l

W ap pran pòz thug ou
'Thug' pa konn damou
M konnen w pral di nan kisa sa regade m
Men m ap pete boutèy, lejou n ta separe

Li te vle w pou lavi
Li fe w konfyans, ou trayi l
Ou di w vle fanm sa sèlman pou w ka trip avè l
Pandan l te pran w pou mari

Si w pa renmen l, ou mèt pote l ban mwen
Ou mèt pote l ban mwen
Piti, pot afè m ban mwen
Ou mèt pote l ban mwen

M ap chèch'on bon ti grenn, gen lontan sa
Si l pa bon nan je w, kite li konsa
Pote l ban mwen
Piti, pote l ban mwen

Pote l pou Baky (pote l la, pote l la)
Pote l pou Medjy (pote l la, pote l la)
Pote l la, fanmi (pote l la, pote l la)
N ap jere l pou ou, n ap jere l pou ou

Pote l la, zanmi (pote l la, pote l la)
Pote l la, fanmi (pote l la, pote l la)
Potel la, mwen di w (pote l la, pote l la)
N ap jere l pou ou, nvap jerevl pou ou

W ap pran pòz thug ou
Fè a, a
W ap pran pòz thug ou
Fè a, a
W ap pran pòz thug ou
Fè a, a

Pote l ban mwen
Si w pa kapab ankò, mesi
Pote l ban mwen
Pote l ban mwen
Ou mèt lage l la, tonton
Pote l ban mwen

Si w pa renmen l, ou mèt pote l ban mwen
Pote l ban mwen
Piti, pot afè m ban mwen
Pote l ban mwen

Playlists relacionadas Ver mais playlists

Momentos

O melhor de 3 artistas combinados