1. 1

    Mickael Guirand / Vayb - Lanmou Fasil

  2. 2

    Mickael Guirand / Vayb - PA PÈ

  3. 3

    Mickael Guirand / Vayb - GEN MÈT (feat. Jude Deslouches & Troubleboy Hitmaker)

  4. 4

    Mickael Guirand / Vayb - Ayiti Leve (feat. Mikaben & Shabba)

  5. 5

    Mickael Guirand / Vayb - BACHA (feat. Noldy)

  6. 6

    Mickael Guirand / Vayb - Bif (feat. Kenny Haiti)

  7. 7

    Mickael Guirand / Vayb - Bon Pou Mwen (feat. Kanis & Baky)

  8. 8

    Mickael Guirand / Vayb - DELETE

  9. 9

    Mickael Guirand / Vayb - Fo'm Alé

  10. 10

    Mickael Guirand / Vayb - JOU PA W

  11. 11

    Mickael Guirand / Vayb - KONTAMINE

  12. 12

    Mickael Guirand / Vayb - LIMYÈ WOUJ

  13. 13

    Mickael Guirand / Vayb - MAGO (feat. Princess Lover)

  14. 14

    Mickael Guirand / Vayb - MAYDAY (feat. Jude Deslouches)

  15. 15

    Mickael Guirand / Vayb - OU PA VLE (feat. Baky)

  16. 16

    Mickael Guirand / Vayb - OUVÈ PÒT LA

  17. 17

    Mickael Guirand / Vayb - Pa Jan'm Asé (feat. Jude Deslouches, Maurane Voyer)

  18. 18

    Mickael Guirand / Vayb - Poto

  19. 19

    Mickael Guirand / Vayb - RANPLASE (feat. K-Dilak Mesaje A)

  20. 20

    Mickael Guirand / Vayb - SAN FILTÈ

  21. 21

    Mickael Guirand / Vayb - Tou Sèl (feat. DJ Kawest)

  22. 22

    Mickael Guirand / Vayb - WRONG GIRL (feat. Jude Deslouches & Noldy)

M fè yon chwa nan lavi m
Ki mete m nan trajedi
M pat vle sa pran lari
M oblije kenbe pandan m’ap soufri
M ap sibi yon gwo mal
Men m pa vle rann mal pou mal
M te vle kenbe relasyon sa
Jiskaske kè m febli l tonbe nan koma

Byen mwen pou mwen, mal mwen pou mwen
Sak rive m se pa mwen, pa gen plenyen oh
Byen mwen pou mwen, mal mwen pou mwen
Sak rive m se pa mwen, pa gen plenyen

Chwa sa, moun sa, moman sa
Pi move desizyon nan vi mwen
Desizyon nan vi an mwen
Di m se granmoun, mwen pa timoun
M pap pran konsèy moun
Sa ta pral koute lavi mwen
Nan manje san enfome
Kè m anpwazone

Byen mwen pou mwen, mal mwen pou mwen
Sak rive m se pa mwen, pa gen plenyen oh
Byen mwen pou mwen, mal mwen pou mwen
Sak rive m se pa mwen, pa gen plenyen

Kè m ap dechire
M pa pale
Kè m ap dechire
M pa pale
M ap pran responsablite mwen
M ap kriye pou kont mwen
M ap pran swen kè mwen
M ap pran men mwen

(M pa pè, m pa pè) M pa pè rekòmanse
(M pa pè, m pa pè) Repran lavi m o serye
(M pa pè, m pa pè) Kè mwen mèt dilate
(M pa pè, m pa pè) M pap janm pè afronte

Kè m ap dechire
M pa pale
Kè m ap dechire
M pa pale
M ap pran responsablite mwen
M ap kriye pou kont mwen
M ap pran swen kè mwen
M ap pran men mwen

(M pa pè, m pa pè) M pa pè rekòmanse
(M pa pè, m pa pè) Repran lavi m o serye
(M pa pè, m pa pè) Kè mwen mèt dilate
(M pa pè, m pa pè) M pap janm pè afronte

Kè m ap dechire
M pa pale
Kè m ap dechire
M pa pale
M ap pran responsablite mwen
M ap kriye pou kont mwen
M ap pran swen kè mwen
M ap pran men mwen

Playlists relacionadas Ver mais playlists

Momentos

O melhor de 3 artistas combinados