1. 1

    Mickael Guirand / Vayb - Lanmou Fasil

  2. 2

    Mickael Guirand / Vayb - PA PÈ

  3. 3

    Mickael Guirand / Vayb - GEN MÈT (feat. Jude Deslouches & Troubleboy Hitmaker)

  4. 4

    Mickael Guirand / Vayb - Ayiti Leve (feat. Mikaben & Shabba)

  5. 5

    Mickael Guirand / Vayb - BACHA (feat. Noldy)

  6. 6

    Mickael Guirand / Vayb - Bif (feat. Kenny Haiti)

  7. 7

    Mickael Guirand / Vayb - Bon Pou Mwen (feat. Kanis & Baky)

  8. 8

    Mickael Guirand / Vayb - DELETE

  9. 9

    Mickael Guirand / Vayb - Fo'm Alé

  10. 10

    Mickael Guirand / Vayb - JOU PA W

  11. 11

    Mickael Guirand / Vayb - KONTAMINE

  12. 12

    Mickael Guirand / Vayb - LIMYÈ WOUJ

  13. 13

    Mickael Guirand / Vayb - MAGO (feat. Princess Lover)

  14. 14

    Mickael Guirand / Vayb - MAYDAY (feat. Jude Deslouches)

  15. 15

    Mickael Guirand / Vayb - OU PA VLE (feat. Baky)

  16. 16

    Mickael Guirand / Vayb - OUVÈ PÒT LA

  17. 17

    Mickael Guirand / Vayb - Pa Jan'm Asé (feat. Jude Deslouches, Maurane Voyer)

  18. 18

    Mickael Guirand / Vayb - Poto

  19. 19

    Mickael Guirand / Vayb - RANPLASE (feat. K-Dilak Mesaje A)

  20. 20

    Mickael Guirand / Vayb - SAN FILTÈ

  21. 21

    Mickael Guirand / Vayb - Tou Sèl (feat. DJ Kawest)

  22. 22

    Mickael Guirand / Vayb - WRONG GIRL (feat. Jude Deslouches & Noldy)

RANPLASE (feat. K-Dilak Mesaje A)

Mickael Guirand / Vayb

Si w wè mwen la m ap griyen dan ba ou
Sa pa vle di m pa konn anyen de ou
Te vle pase tout tan mwen nan bra ou
Men vye aksyon w fe m limite tan ou

M konn tout sa w fè m konn jan w betize m
Epi ou la w ap montre w bò kote m o
Mwen la toujou paske m metrize m
M pa egare m pap ret pou m ba w kofre m
O pa enkyete w

Si w wè nan vi m poko ranplase w
M poko jwenn pi bon pase w
Si w wè nan vi m poko efase w
Poko jwenn pi bon pase w
Se pa bon w bon konsa vre oo tande
M poko jwenn pi bon pase w

Si vid mwen yo pa konble
Nòmal pou kè mwen an konje
Twòp tan santiman m ap ranpe
Mwen pap kanpe
Fò m jwenn sa kè m mande
Bouke sipliye w, bouke sitire w gyal
M Bouke ti kriye w, ou Boule diyite w mal
Ou te fin limen m ou menm ki etenn mwen
M te pran w pou chans ou menm ki devenn mwen

M konn tout sa w fè m konn jan w betize m
Epi ou la w ap montre w bò kote m o
Mwen la toujou paske m metrize m
M pa egare m pap ret pou m ba w kofre m
O pa enkyete w

Si w wè nan vi m poko ranplase w
M poko jwenn pi bon pase w
Si w wè nan vi m poko efase w
Poko jwenn pi bon pase w
Se pa bon w bon konsa vre oo tande
M poko jwenn pi bon pase w

Ti cherie sipann domi tande (reveye w)
Gen lòt ki ka bay plezi tande (leve pye w)
Pa vinn pran poz ou sezi tande
Mezanmi o gadon w sezisman

Woy woy woy
Woy woy woy

Woooy, woy woy
Sa w pata panse (li ka ban mwen l)
Tout sa w neglije, son w espas ou kite
Wooy woy woy
Si w pa ban mwen tan (li ka ban mwen l)
Si w ta ban m do
Ap gon w lòt ki vle la pou mwen

Men karès ou pa vle bay la (li ka ban mwen l)
Men lajan w pa vle bay la (li ka ban mwen l)
Men afeksyon w pa vle bay la (li ka ban mwen l)
Men ti tan w pa vle bay la (li ka ban mwen l)
Ti flè ou pa vle bay la (li ka ban mwen l)
Ti bobo w’ pa vle bay la (li ka ban mwen l)
Ti lambi w pa vle bay la (li ka ban mwen l)
Mezanmi o gadon w sezisman

Wooy woy woy
Wooy woy woy

Playlists relacionadas Ver mais playlists

Momentos

O melhor de 3 artistas combinados