Sa fè kè jou depi ke m wè ou nan lespri m Distans separe n absans ou se pi gwo krim Men Ginen yo montre m on jan pou nou pa lwen lòt Resèt mwen pare Papa Legba ouvè tout pòt
Nan dòmi E la n pral pran randevou Nan dòmi Se la nou pral fè lanmou
M pral fèw reve je klè M pral fèw reve je klè
M ap fèw vin jwenn mwen Vin jwenn nan dòmi M pral fèw reve je klè M ap fèw vin jwenn mwen Vin jwenn mwen an espri
Nan mond mistik sa pa gen limit Freda ranje kabann nou Lasirenn vin bann vizit Se ou m tap tann (ou m tap tann) Anvan m fèmen jem (Anvan m fèmen jem) Nanm mwen pa la nan mond astral la n pral kwaze
Nan dòmi E la n pral pran randevou Nan dòmi Se la nou pral fè lanmou
M pral fèw reve je klè M pral fèw reve je klè
M ap fèw vin jwenn mwen Vin jwenn nan dòmi M pral fèw reve je klè M ap fèw vin jwenn mwen Vin jwenn mwen an espri
Gad jan on dòmi dous Pa ta mande leve Gad jan on dòmi dous Pa ta mande leve Se Ou m tap Tann