Pa pouvwa mèt tè a Mèt dlo a Mèt dife a Mèt van an
Map mande pou tout lwa bitasyon Bò manman Bò papa Bò grann Bò gran grann Pou yo leve pou yo kanpe ansanm avèk mwen
Ago Agoci Agola
Anperè m vin di w bonswa Jeneral m vin di w bonswa Premye rèn m vin di w bonswa la Kilè li ye n prale
Di Grann m vin di w bonswa Mètrès vin di w bonswa Parenn Legba m vin di w bonswa la Kilè li ye n prale
Ouvè pot la mwen pou m antre M di ouvè pot la mwen pou m antre Mwen se pitit zèb atè Mwen se pitit lafimen M se pitit sosyete a Ouvè pòt la pou mwen pou m antre Lè m antre ma peye Lè m antre ma peye Lè m antre
Je wouj Bosou Lenglensou Mèt Kafou
Ayida Danbala Agawou
Ogou Kouzen Agwe Lasirèn
Ayizan Velekete
Ouvè pot la mwen pou m antre M di ouvè pot la mwen pou m antre Mwen se pitit zèb atè Mwen se pitit lafimen Mwen se pitit sosyete a Ouvè pòt la pou mwen pou m antre Lò m antre ma peye Lò m antre ma peye Lò m antre ma peye
Freda Granbwa Lemba Marasa
Lovana Loko Simbi andezo
Dantò Ti Jean Sobo Badè
Tout eskot gede yoo
Lò m antre ma peye Lò m antre ma peye Lò m antre map fout peye