Mizik Sove Vi m, Part 2

Tafa Mi-Soleil

Tout dlo nan je ane yo pa efase
Bay kou bliye, pot mak sonje
Moman sa yo mwen pèdi tout fòs mwen
E pyès priyè, pa soulaje m
M te kwè mwen pou kò m
Lè m ri pou moun pa konnen
Sa ki blese m nan fon kè mwen
M jemi pou syèl la tande m alelouya
Yon melodi, mete m sou pye

M p ap koube, m p ap pliye
E si lavi a vay ke vay m ka ap chante
Nan chak nòt yo m twouve
Chimen nanm mwen
Sak fè malgre m vle bay legen
M gen rezon pou m kenbe mizik sove vi m

Lavi a konn santi kri devan mwen
Pwezi a lou
Fènwè sèl chèf
M pa toujou kapab kenbe rèv mwen yo
Lè yo ban m do san eskize
Doulè fè m danse sou yon pye senti m mare
Aprè lapli tan pa vin bèl vre
M jemi pou syèl la tandem alelouya
Yon melodi, mete m sou pye

M p ap koubeeee...

Piske tèt mwen poko koupe
M pa dezespere met chapo
Travèse dlo yo
Mizik la janbe dife m yo
Doulè yo kab tounen pousyè
Piske mizik pa gen fontyè
Demen solèy la va leve

M p ap koubeeee

Playlists relacionadas Ver mais playlists

Momentos

O melhor de 3 artistas combinados