M kite lògèy fin kouvri m Sa fè M di m pa gen anyen Pou repwoche mwen Men lè mwen chita nan fènwa M pou kò m M konnen se pa sèl ou ki gen tò
Ooooooooooooo
Kisa m t a bay Pou panse tout, tout vye maleng nou yo O! kisa m t a bay Pou simen flè sou jou doulè ou yo
Padon pou pwomès Mwen pa t janm dwe fè Padon Pou lanmou nou Mwen sal ak fènwè
Sa fou Jan m pèdi yon pati nan mwen Nan fè betiz San rive mete mwen Nan plas ou M pa janm fè w eskiz ou p ap kase tèt tounen Men sa pa grav M pa merite ou nonplus
Ooooooooooooo
Kisa m t a bay Pou panse tout, tout vye maleng nou yo O! kisa m t a bay Pou simen flè sou jou doulè ou yo
Padon pou pwomès Mwen pa t janm dwe fè Padon Pou lanmou nou Mwen sal ak fènwè