Pinga kont pinga bri pinga kraze Sa lanmou mare Pinga move jou fè n rive bliye Eprèv nou te sipòte Pinga pinga panse Lanmou pa gentan maske Pinga pinga panse Lanmou se jwèt tibebe
Lavi ap mennen n Nan pye nou vye moman met chenn Lanmou dechennen n Kèk fwa l fè n viv san lapenn Men kèk vye koze Kèk fwa fè n pale n depale n vle chanje Nou vle pèdi fren Nou konn menm bliye ke lanmou se yon flè N ta dwe toujou wouze
Pinga kont pinga bri pinga kraze Sa lanmou mare Pinga move jou fè n rive bliye Eprèv nou te sipòte Pinga pinga panse Lanmou pa gen tan maske Pinga pinga panse Lanmou se jwèt tibebe Pinga pinga panse Lanmou se jwèt tibebe
Nou souvan fè sèman Men n pa toujou kenbe pawòl Lanmou pa toujou Bèl moman bèl pawòl sèlman Men vye konpòtman Kèk fwa fè n bliye osinon neglije Tout bon santiman Nou souvan vle kraze yon kite sa Pou n kite kè n nan traka
Pinga kont pinga bri pinga kraze Sa lanmou mare Pinga move jou fè n rive bliye Eprèv nou te sipòte Pinga pinga panse Lanmou pa gen tan maske Pinga pinga panse Lanmou se jwèt ti bebe Pinga pinga panse Lanmou se jwèt ti bebe