Hello babe
Ou fé komsiw pa tande mwen
Men kè mwen nan menw, ou ta potel banmwen
Ou pito maltrete mwen
Epi se mwenw te di ki pa konn renmen vre
Lè dlo nan je m pat wew
E sèl lanmou ki fèm te ret avew
Non, kitem pale avew
M sonjew ki tap dim kèm se te best ou
Ou kontredi pawòl ou ak jès ou
M te konn pwen fòw ak feblès ou
Menm pat janm mande bondye poul sispann bless ou
M vle met love sa de kote
On chay lanmou ou pat edem pote
Koneksyon fèm pansen soude
Poutan, eton plug ou just deplogen
M vle met love sa de kote
On chay lanmou ou pat edem pote
Koneksyon fèm pansen soude
Poutan, eton plug ou just deplogen
M relew
Sa son denye fwa
E poum diw Orevwa, Orevwa
Pou dat wap blese mwen
Lontan sa m te dwe diw Orevwa
Orevwaaaaa
M sezi
Nan saw fèm yo, ou pran plezi
Ou met pwa sou dom poum redi
Tou manb mwen yo finn febli
Menw pa menm wont pran krediw
E souvni yo, se yok pral antè mwen
M domi poum tann demen
Avew m pral panse, sak fèm prale byen lwenw
M espère on jou karma a pase pran menw
M konn absans mwen pral montrew janm te renmenw
M konn santi pafwa m regret kèm te renmenw
Kèm te renmenw
M relew
Sa son denye fwa
E poum diw Orevwa, Orevwa
Pou dat wap blese mwen
Lontan sa m te dwe diw Orevwa
Orevwaaaaa
M relew
Sa son denye fwa
E poum diw Orevwa, Orevwa
Pou dat wap blese mwen
Lontan sa m te dwe diw Orevwa
Orevwaaaaa