1. 1

    TROUBLEBOY HITMAKER - Se Pa Pou Ou

  2. 2

    TROUBLEBOY HITMAKER - Souri Souriw

  3. 3

    TROUBLEBOY HITMAKER - X X X X (feat. Kenny Haiti, Baky & Steves J. Bryan)

  4. 4

    TROUBLEBOY HITMAKER - Ann Pran Shot (feat. Guarionex)

  5. 5

    TROUBLEBOY HITMAKER - Eske L Gou (feat. Charlin Bato)

  6. 6

    TROUBLEBOY HITMAKER - Faya (feat. Kenny Haiti)

  7. 7

    TROUBLEBOY HITMAKER - GEN MÈT (feat. Vayb & Jude Deslouches)

  8. 8

    TROUBLEBOY HITMAKER - Marasa (feat. Medjy)

  9. 9

    TROUBLEBOY HITMAKER - Men L Anle

  10. 10

    TROUBLEBOY HITMAKER - Mwen La (feat. Magic Touch)

  11. 11

    TROUBLEBOY HITMAKER - Nou Paka Ansanm

  12. 12

    TROUBLEBOY HITMAKER - Pa Gen Kè (feat. Steves J. Bryan & Baky)

  13. 13

    TROUBLEBOY HITMAKER - Padon (feat. Fatima Altieri)

  14. 14

    TROUBLEBOY HITMAKER - Papaye

  15. 15

    TROUBLEBOY HITMAKER - Plenyen Player Yo

  16. 16

    TROUBLEBOY HITMAKER - Potoprens (feat. King Street Tet Kale)

  17. 17

    TROUBLEBOY HITMAKER - Pwazon (feat. Harmonik)

  18. 18

    TROUBLEBOY HITMAKER - Ret Nan Wòl Ou (feat. Baky, Magic Touch)

  19. 19

    TROUBLEBOY HITMAKER - Saw Konnen An

  20. 20

    TROUBLEBOY HITMAKER - Se Ou L Ye (feat. Anie Alerte)

  21. 21

    TROUBLEBOY HITMAKER - Se Pam Ou Ye

  22. 22

    TROUBLEBOY HITMAKER - Si Yo Vle (feat Baky, Medjy Enposib & Steves J. Bryan)

  23. 23

    TROUBLEBOY HITMAKER - Tanbou 2 Bouda

  24. 24

    TROUBLEBOY HITMAKER - Veye Priye

  25. 25

    TROUBLEBOY HITMAKER - Voye Nudes Yo

  26. 26

    TROUBLEBOY HITMAKER - Zigzag

Pwazon (feat. Harmonik)

TROUBLEBOY HITMAKER

Ou son manje an pwazonnen
Ki gou nan bouch mwen
Yon lanmou ak kè plen
Ki vle banm kè tounen
M anvi pouse w m anvi jete w
Menm vle w ret sou mwen

Ou rayi m m renmen w
Se tout sam santi anndan kè mwen
Ou pran kè m ou rache l
Mete l dòmi nan seren
Nan fè mwen mal
Ou pran plezi
Ou pa janm fennen

Ou pran tout tan w
Ou pran san w
Pou ou ka fèm lapèn
Ou bliye sa w ye pou mwen
Epi w derefize
Ou pa vle pou n fè lapè Oooohh
M pa konn kisa pou m ta bay ankò

Pase tout tan ap batay
Pou nou pa viv an pè
Ou bliye sa w ye pou mwen
Epi w derefize
Ou pa vle pou n fè lapè, oooohh
M pa konn kisa pou m ta fè ankò

Ti krik ti krak
Ou byen boude
Se la w pran tout vi m
Achiv ou byen Monte
Pou w toujou jwe wòl viktim
Se byen domaj
Ou pa ka wè se ou kap fè krim ohhhw

Ou pran tout tan w
Ou pran san w
Pou ou ka fèm lapèn
Ou bliye sa w ye pou mwen
Epi w derefize
Ou pa vle pou n fè lapè Oooohh
M pa konn kisa pou m ta bay ankò

Pase tout tan ap batay
Pou nou pa viv an pè
Ou bliye sa w ye pou mwen
Epi w derefize
Ou pa vle pou n fè lapè, oooohh
M pa konn kisa pou m ta fè ankò

-Troubleboy-
Ou bliye sa w ye pou mwen
M pat atann
Mwen m konn sa m ye pou ou
M pa konprann
Ou dim ou pa care
Tout sam diw ou pa kwè
Men en réalité m konfonn

Ou fè m konfonn jwa ak tristès
Paske lè m kote w fache
M avè w m pou kò m
Paske kontantman w kache
Epi marye ak tris fè tan w
Paske tout sa m di w fache
M anvi kite w m pa kapab
Paske kè m ap rache

M pa bezwen pri m peye lòv
Renmen ebyen m peye pri a
Kite w kraze kè m
Lanmou m ba ou piyay
M gade jan w ap viv avèm
M di banm solo
Bagay sa ap sakaje m
Nicky banm solo

Ou son pwazon pou mwen
Ou son pwazon pou mwen
Ou son pwazon pou mwen
(Nicky banm solo)

Ou se maladi mwen
Maladi mwen ooooh
E medikaman m an menm tan
An menm tan
Maladi mwen ooooh
E medikaman m an menm tan
An menm tan

Ou tankou yon kleren
Menm sim konnen w pral
Banm tèt fè mal
Fò m bwè w kanmèm

Yon manje gate
Menm sim konnen w pral
Banm vant fè mal
Fò m pran w kanmèm
Cheri ou se maladi mwen

Ou se maladi mwen
Maladi mwen ooooh
E medikaman m an menm tan
An menm tan
Maladi mwen ooooh
E medikaman m an menm tan
An menm tan

Ou tankou yon kleren
Menm sim konnen w pral
Banm tèt fè mal
Fò m bwè w kanmèm

Yon manje gate
Menm sim konnen w pral
Banm vant fè mal
Fò m pran w kanmèm

Playlists relacionadas Ver mais playlists

Momentos

O melhor de 3 artistas combinados