1. 1

    Master Brain - All My Love (feat. Kai & Kes)

  2. 2

    Master Brain - Banm Tout (feat. Mikaben)

  3. 3

    Master Brain - Bèl Chèf (feat. Kenny Haiti)

  4. 4

    Master Brain - Cheers

  5. 5

    Master Brain - Depi Le 8 (feat. Fantom)

  6. 6

    Master Brain - J'ai peur (feat. Misty Jean)

  7. 7

    Master Brain - Kenbe M' (feat. Mikaben e Kai)

  8. 8

    Master Brain - Lame (feat. Steves J. Bryan)

  9. 9

    Master Brain - LòLò A Manzè

  10. 10

    Master Brain - Mèsi Blan

  11. 11

    Master Brain - MTM (feat. Kai)

  12. 12

    Master Brain - Ou Gen Pou Bezwen'm (feat. Gabel e Black Makak)

  13. 13

    Master Brain - Paka Fe Pitit (feat. Gabel)

  14. 14

    Master Brain - Pot Dèyè (feat. Zenglen)

  15. 15

    Master Brain - Ret Nan Liy Ou (feat. Klass)

  16. 16

    Master Brain - Revizyon

  17. 17

    Master Brain - Solo Mio (feat. Gabel)

  18. 18

    Master Brain - Sorry Bestie (feat. Vanessa Desire)

  19. 19

    Master Brain - St Thomas (feat. Roody Roodboy)

  20. 20

    Master Brain - Stress Free (feat. JPLovesIt, Mark G)

  21. 21

    Master Brain - Valide (feat. MechansT & Maykimac)

  22. 22

    Master Brain - Wap Peyel (feat. Klass)

  23. 23

    Master Brain - Zewofot

  24. 24

    Master Brain - Zokoko (feat. Roody Roodboy & P-Jay)

Paka Fe Pitit (feat. Gabel)

Master Brain

Mwen menm ki fin travay m rantre m tou fatige
Mwen fin dezabiye m, m benyen pou m al manje
Li g on nouvèl pou l ban mwen, ki pral tranble tout nanm mwen
M di l cheri mwen sous a
Li di m kè l ap rache si l pa di m sa kounya
Lè mwen mande l pou kisa, li di m

Cheri m pa ka fè pitit
Mwen konnen s on ka kritik
Lanmou mande sakrifis
Men si w prale m pap fè selfish
Sa fè lontan nou marye, san bebe fwaye n manke
Kòm pouvwa lòm nan limite, m ap lage sa nan men Bondye

Li tou dekontwole mind mwen, gad on move news li ban mwen
Li fè m fret, li fè m cho
Mwen mande l èske li serye paske m panse jwe l ap jwe
Li gade m, epi l kriye

Cheri m pa ka fè pitit
Mwen konnen s on ka kritik
Lanmou mande sakrifis
Men si w prale m pap fè selfish
Sa fè lontan nou marye, san bebe fwaye n manke
Kòm pouvwa lòm nan limite n ap lage sa nan men Bondye

(Please, listen carefully)
Yeah

Pachou
Oh oh oh

Si w paka manman, m pap kite w pou sa
Si w paka manman, m pap jije w pou sa
Si w paka manman, n ap priye sou sa
Si w paka manman, m deja pap papa

Baby listen, mete fanm sou ou, tande sa m pral di w
Fè vi w nan kay la san w pa mande mommy pa fasil
Lè fèt dè mè lakay vwazin nan g on repetisyon
Bòn fèt manman, men m pa vle w panse l gen plis benediksyon
(Pase w) Yo pap konprann yo pa nan pozysyon w
Fò n chèche fòmil pwoblèm yo avan solisyon
M te pran w pou lavi e m pa wè sak pral fè m ale a
Maladi pap fè m bliye sèman m te fè jou m te marye a
M te di yes nan vye moman m te di yes
Lè sa pa bon m te di yes
Nan kè kontan m te di yes
Nan legliz lan m te di yes
Lè m t ap bò w bag la m te di yes
Just ka lamò m te di yes
M ap kenbe yes mwen

Gabel, yeah man
M ap kenbe yes mwen

Si w paka manman, m pap kite w pou sa (non mwen pap lage w)
(Nan de pye w map rete) Si w paka manman
(Se vre ou pa ka banm bebe) M pap jije w pou sa
(Men lòt yo pa fanm pase w) Si w paka manman
(Nou ka adopte) N ap priye sou sa
(Ansanm n ap traverse) Si w paka manman
(Lanmè wouj difikilte) M deja pap papa

Babe
Cheri m konnen ke nou pral dechire lè fèt manman lè fèt papa rive
Si se pat ou li te ka mwen, e m konnen ou tap still kenbe men m
Sa fè lontan m ap di w sa kounya, kite m montre w jan m renmen w

Bon Dole
Se Katalog ki bay love

Cheri m pa ka fè pitit
Mwen konnen s on ka kritik
Lanmou mande sakrifis

Playlists relacionadas Ver mais playlists

Momentos

O melhor de 3 artistas combinados