Lè mwen gade w m ap panse pou m di w
Al'ow g'on bèl souri, ou fè janm mwen febli
Men demen maten fok mwen pati
Ou kwè m ap gentan pou m di w kijan w fè m santi m
Anndan nanm mwen, anndan nanm mwen
(Yo pale m de ou, jan yo pale m de ou)
Fo m te jwenn yon jan pou m te konnen si se verite
(Yo pale m de ou, jan yo pale m de ou)
Fo m te jwenn yon jan pou m te ansanm
Men si m ale eskè m ap wè w ankò
M pa ta vle gen remò
Lavi sa g'on fason l vire w tribòbabò
Men kòm mwen la e pa gen anpil tan
Fok nou ka fè yon jan
Vini banm yon ti bizou, doudou, yon ti lanmou oooo!
(Yo pale m de ou, jan yo pale m de ou)
Fo m te jwenn yon jan pou m te konnen si se verite
(Yo pale m de ou, jan yo pale m de ou)
Fo m te jwenn yon jan pou m te ansanm
[?]