Ou apèn rantre m' nan peyi a Erezman nou tou de ap travay An Ayiti mwen gen manmi papi Ki nan traka touman Fò m' ta voye lajan Chaje bill bò isit pou m' peye E m' konnen fòk mwen kontribiye An Ayiti mwen gen manmi papi Ki nan traka touman Fò m' ta voye lajan
Mwen fèt rive, espwa sou mwen Tout zafè m' nan men w' Ou pa fè m' voye Mwen fèt rive, espwa sou mwen Bwat sekrè m' nan men w' Ou pa fè m' voye
Pandan w' ta dwe ankouraje m' voye Deside pran tout kòb mwen touche An Ayiti mwen gen manmi papi Ki nan traka touman Fò m' ta voye lajan
Mwen fèt rive, espwa sou mwen Tout zafè m' nan men w' Ou pa fè m' voye Mwen fèt rive, espwa sou mwen Bwat sekrè m' nan men w' Ou pa fè m' voye
Cheri fè m' voye Fò kite m' voye
Bwa mare Cheri bwa mare Fò w' ta ede m' voye Bwa mare Cheri bwa mare Fò w' ta ede m' voye Lè w' fè yon semèn ap travay ou touche Rantre pa ka fè voye Fò w' ta ede m' voye Menm lè w' ban m' yon ti kraze Cheri doudou l' pa ka fè m' voye Fò w' ta ede m' voye