Pou tout sa k' pèdi tan S'ak san poto mitan Chak jou k' chita tan You plezi san zatann Gen sa ki reve Yo peyi etranje Après k tonbe sou do San jamais vole wo
Gen sa ki rive San janmen kòmanse Gen sa k kraze bèt Après k' pèdi tèt Gen sa k'al byen lwen San janmen retounen San janmen konnen Pitit yo genyen
Gen sa ki bay blòf Pou jwenn lavi miyò Chak jou sèmante Sou bondye nan syèl Gen sa k'al byen lwen San janmen retounen San janmen konnen Pitit yo genyen
An nou bawoule An nou bawoule An nou bawoule
An nou bawoule An nou bawoule An nou bawoule
Jou chan sa a monte la wo Bondye a sove yo
An nou bawoule An nou bawoule An nou bawoule
An nou bawoule An nou bawoule An nou bawoule
Sa ki vle ede yo, ede Kouri ede, kouri ede Sa ki vle ede yo, ede Kouri ede, kouri ede
Men se frè nou yo yo ye Sou jan yo mache Se frè nou yo yo ye Sou jan yo chante Se frè nou yo yo ye Sou jan yo pale Se frè nou yo yo ye
Kijan yo pale? Tokay nou yo tokay Kijan yo danse Tokay nou yo tokay Kijan yo chante? Tokay nou yo tokay Kijan yo rele? Tokay nou yo tokay
Tokay, Tokay, Tokay, Tokay, Tokay, Tokay
Sa ki vle ede Tokay Sa ki vle chanje Tokay Sa ki vle al chèche Tokay Sa ki vle chante Tokay Sa ki vle ede yo, chante pou yo, danse pou yo
Gen sa k'al byen lwen San janmen retounen San janmen konnen Pitit yo genyen